Anthem

I

Pou Ayiti
Peyi Zansèt yo
Se pou n mache
Men nan lamen
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou n sèl mèt tè nou.
Annou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl
Annou, annou met tèt ansanm
Pou Ayiti onon tout zansèt yo.

II

Pou Ayiti

Ak pou Zansèt yo

Fò nou kapab

Vanyan gason ak Vanyan Fanm

Moun pa fèt pou ret ak moun

Se sa k fè tout manman ak tout papa

Dwe pou voye timoun lekòl

Pou yo aprann, pou yo konnen

Sa Sesil Tousen, Desalin, Toya

Te fè pou wet Ayisyen anba kòd blan.

III

Pou Ayiti

Onon Zansèt yo

Sepou n sekle

Se pou n plante

Se nan tè tout fòs nou chita

Se li k ba nou manje

Ann bite tè, ann voye wou

Ak kè kontan, fòk tè a bay

Sekle, wouze, fanm kou gason

Pou n rive viv ak sèl fòs ponyèt nou.

IV

Pou Ayiti

Onon Zansèt yo

Ann leve tèt

Nou gad anlè

Pou tout moun mande Granmèt la

Pou l ba nou pwoteksyon

Pou move zanj pa detounen n

Pou ka mache nan bon chimen

Pou libète ka libète

Fòk lajistis blayi sou peyi a!

V

Nou gen drapo

Tankou tout pèp

Se pou n renmen l

Mouri pou li

Se pa kado blan te fè nou

Se san Zansèt nou yo ki te koule

Pou nou kenbe drapo nou wo

Se pou n travay met tèt ansanm

Pou lòt peyi ka respekte l

Drapo sila a se nanm tout Ayisyen.

Reclaim The Anthem

Reclaiming the Haitian National Anthem

A cultural heritage initiative dedicated to preserving and promoting Haiti's revolutionary legacy.

Phone: 917-748-1560

WhatsApp: 917-213-9802

Address: 89 Pulaski St, Suite 2 Brooklyn, NY 11206

© 2025. Reclaim The Anthem. All Rights Reserved.